J.J. Dominique ak Monique Lafontant entèvyouve Cuckita Bellande sou woman li a, « Porte-Saveur » , ki se yon entèpretasyon woman peyizan rankonte pa twa fanm. Li pale sitou sou kesyon lang nan, paske li ekri l nan yon ibrid kreyòl-fransè. « Porte-Saveur » te genyen Prix Deschamps lan. Emisyon an gen ladan l ekstrè liv la.
Port-au-Prince
Zafè Louis Bonnaire, fanmi Carré mande jistis
dans
Frè yon dam ki rele Marie Claire Florence Carré dekri jan yon sètèn Louis Bonnaire t ap file sè l la, aprè sa, lè fanmi a pa t dakò relasyon an, li te touye fi a avèk anpil anpil vyolans. Dapre frè a, Bonnaire se yon asasen li ye, ki te touye pa sèlman Florence, li te touye yon timoun Gonayiv tou, epi li te patisipe nan lenchaj Gwo Féfé (Félix Bien-Aimé). Otorite yo te arete Bonnaire epi yo mete l nan prizon, men misye konn deklare se yon sitwayen dominiken oubyen kanadyen pou l libere. Sepandan, se ayisyen li ye, nèg Gonayiv. Fanmi Florence Carré mande jistis.
Face à l'Opinion: Madanm Ginette Chérubin, minis. Ministè Kondisyon Feminin ak Dwa Fanm yo (Partie 2)
dans
Ginette Chérubin, Minis Kondisyon Feminin ak Dwa Fanm yo, bay pèspektiv li sou feminis ak sou travay Ministè a ap fè pou ankouraje dwa fanm, sitou konsènan kredi pou machann yo, madan sara yo, ak fanm peyizan yo. Li eksplike enpòtans pou fanm patisipe nan pwogram refòm agrè a, ak pou asire ke fanm yo jwenn plis kredi agrikòl. Li dekri tou ki rapò Ministè a genyen avèk òganizasyon fanm yo. Fòk fanm yo granmoun tèt yo, fòk yo libere, paske liberasyon sa a kapital pou pwogrè ekonomik ak sosyal tout peyi a.
Face à l'Opinion: Madanm Ginette Chérubin, minis. Ministè Kondisyon Feminin ak Dwa Fanm yo (Partie 1)
dans
Ginette Chérubin, Minis Kondisyon Feminin ak Dwa Fanm yo, bay pèspektiv li sou feminis ak sou travay Ministè a ap fè pou ankouraje dwa fanm, sitou konsènan kredi pou machann yo, madan sara yo, ak fanm peyizan yo. Li eksplike enpòtans pou fanm patisipe nan pwogram refòm agrè a, ak pou asire ke fanm yo jwenn plis kredi agrikòl. Li dekri tou ki rapò Ministè a genyen avèk òganizasyon fanm yo. Fòk fanm yo granmoun tèt yo, fòk yo libere, paske liberasyon sa a kapital pou pwogrè ekonomik ak sosyal tout peyi a.
La CONAP « s’inscrit en faux contre la tenue de la rencontre onusienne »
dans
AlterPresse permet qu’il soit fait utilisation du présent contenu conformément aux dispositions et sous réserve des conditions garant sur son site web. www.alterpresse.org
Entre Nous : Myrtha Gilbert, vyolans sou fanm (1)
dans
Pandan dezyèm vizit li nan emisyon Entre Nous pou pale sou liv li a, « Lutte des femmes et luttes sociales en Haïti » avèk J.J. Dominique, Myrtha Gilbert pale kesyon vyolans sou fanm ann Ayiti ak sou orijin vyolans nan sosyete ayisyen an, soti nan moman lè kolon blan yo mete pye yo sou Kiskeya. Gilbert ak Dominique pale sou yon kontradiksyon aparan: se fanm ki poto mitan sosyete ak ekonomi ayisyen, men se yo menm k ap sibi vyolans. Vyolans sou fanm, ak vyolans sou timoun tou, vin banalize nan sosyete ayisyen an.
Myrtha Gilbert, fanm ayisyen nan pouvwa
dans
Myrtha Gilbert pale sou istwa fanm ayisyen nan pouvwa politik, pa egzamp wòl fanm nan revolisyon ayisyen an epi nan batay pou dwa tè, kesyon dwa vòt, epi efè rejim ak sistèm divalyeris sou dwa fanm. Yo pale sou patikilarite prezidans Ertha Pascal-Trouillot. Gilbert pale de “fanm alibi” ki monte nan pòs politik san yo pa vrèman chanje sistèm politik la, san yo pa fè anyen pou pwoblematik fanm yo. Daprè Gilbert, batay pou dwa fanm makonnen ak batay pou dwa tout sitwayen. Entèvyou J.J. Dominique.
Pawòl la Pale: Jounen entènasyonal fanm. Marie Laurence Lassègue (Fanm Yo La), Carline Simon (Fanm Solèy Leve), Selina Noël (MPP) (1)
dans
Nan okazyon Jounen Entènasyonal Fanm yo, Carline Simon ki reprezante Fanm Solèy Leve, Selina Noël ki reprezante Mouvman Peyizan Papay, ak Marie Laurence Lassègue ki reprezante Fanm Yo La pale sou objektif ak aktivite chak òganizasyon epi sou dwa fanm an jeneral. Lassègue dekri Fanm Yo La kòm yon òganizasyon k ap lite pou ogmante reprezantasyon politik fanm yo, Noël dekri jan y ap mete koze fanm anndan platfòm dwa peyizan MPP a, epi Simon dekri travay Fanm Solèy Leve fè nan domèn alfabetizasyon, sante, ak fòmasyon pwofesyonèl pou fanm yo.
Famn polisyè
dans
Repòtaj sou ven fanm ki fè pati premye pwomosyon Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) tou nèf la.
Report on the twenty policewomen to graduate as part of the newly-created Haitian National Police (PNH).
Reportage au sujet des vingt policières qui firent partie de la première promotion de la nouvelle Police Nationale d'Haïti (PNH).
Radio Haïti permet qu’il soit fait utilisation du présent contenu conformément aux dispositions et sous réserve des conditions garant sur le site web de Duke University.
Face à l'Opinion : Mireille Anglade, sosyològ (Partie 2)
dans
Sosyològ Mireille Anglade pale kesyon dwa fanm ak pwoblèm fanm yo konn afwonte nan sosyete ayisyen an, sitou pou fanm ki soti nan klas defavorize yo. Fanm yo pa gen pouvwa politik, pwoteksyon anba lalwa, dwa ouvriye, ak dwa ekonomik pa rapò ak gason yo. Anglade mete aksan sou dwa fanm ki nan plasaj, travay domestik, vyolans seksyèl ak vyolans domestik, ak kesyon avòtman. Entèvyou J.J. Dominique.